tichaiti / kbss-site

Konbit Bibliyotèk Site Solèy
https://kbss-site-orpin-rho.now.sh
0 stars 0 forks source link

Add i18n support to app for (en, fr, ht) lanaguages #1

Open darkfadr opened 4 years ago

darkfadr commented 4 years ago

Reference implementation can be found here: https://codesandbox.io/s/1zxox032q

accimeesterlin commented 4 years ago

Our mission - English Our mission is to build a modern, community-supported library in Cite Soleil, Haiti. Our approach is to be completely community-led and transparent.

Misyon nou - Kreyol Misyon nou se pou konstwi yon Bibliyotèk modèn nan Site Solèy. Apwòch nou se yon apwòch transparan ki chita sou konbit.

Notre Mission- Francais Notre mission est de construire une bibliothèque moderne dans la commune de Cité Soleil/Site Solèy, Haïti. C’est une approche transparente et communautaire


Latest Updates - English Every week, more people join the thousands who have already contributed to the konbit. See the latest information about our progress!

Denyè Nouvèl - Kreyol Chak semenn, plis moun vinn jwenn konbit la ! Gade denyè enfòmasyon sou tout pwogrè ke Konbit Bibliyotèk ap fè.

Les dernières Nouvelles - Francais Chaque semaine, les nouvelles personnes rejoindront les milliers qui ont déjà contribué à la konbit. Voire les dernières infos sur le progrès de la campagne.


Read & watch - English See the media coverage that Konbit Bibliyotek has received, and watch videos from contributors, allies, and artists!

Gade epi tande - Kreyol Swiv tout kouvèti medyatik Konbit Bibliyotèk ap resevwa, epi gade tout videyo kontribitè yo, atis yo ak zanmi nou yo poste sou sit la!

Lire & regarder - Francais Voire la couverture médiatique sur Konbit Bibliyotek, et regarder les vidéos de nos contributeurs, alliés, et artistes!


Find out how you can help! - English

Aprann kijan ou ka ede! - Kreyol

Apprenez comment vous pouvez aider - Francais


Support - Page

Support us! - English

Vin jwenn konbit la! - kreyol

Aidez l’initiative - Francais


Ways you can contribute - English

Koman ou ka ede? - Kreyol

Comment pouvez-vous aider? - Francais


Donate your skills - English We are always looking for people to donate their skills and talents! If you have a special skill that you would be willing to lend to the cause, please let us know.

Bay talan ou! - Kreyol Nou toujou ap chache moun ki pou bay talan yo nan konbit la ! Si ou gen yon talan espesyal ke ou vle pataje ak nou, tanpri fè nou konnen.

Donnez vos talents! - Francais Nous cherchons toujours les gens qui sont prêts à mettre leurs talents à disposition de cette initiative. Si vous avez des compétences spéciales de nous offrir, contactez-nous !


Donate funds! - English Any contribution, no matter how small, is important to Konbit Bibliyotek!

Bay lajan - Kreyol Pagen yon kontribisyon ki two piti – tout don enpòtan !

Donnez du fonds! - Francais Toutes les contributions sont bienvenues – même les donations les plus petites !


Donate books! - English We are looking for books of all kinds. Our priority is books in Haitian Creole and French, educational books, children's books and books on Haitian history and culture. However, we will accept just about any book in good condition!

Bay liv! - Kreyol Nou ap chache tout kalite liv. Priorite nou se liv nan Kreyòl ak Franse, liv edikasyonèl, liv timoun, ak liv sou listwa ak kilti Ayisyen. Men n’ap aksepte tout kalite liv ki nan bon kondisyon !

Donnez les livres! - Francais Nous cherchons beaucoup de livres. La priorité est les livres en Créole Haïtien et Français, les livres éducationnels, les livres d’enfants, et les livres sur la culture et histoire d’Haïti. Mais, nous accepterons tous les livres en bonne condition !


Donate other in-kind materials! - English If you have materials you would like to donate (particularly if you live in Haiti), whether they are construction materials or things that a library might need (computers, desks, etc), let us know!

Bay materyel! - Kreyol Si ou gen materyèl ou vle bay (sitou si ou viv an Ayiti), fè nou konnen ! Nou ka aksepte materyo konstriksyon ak lòt materyèl k’ap bon pou yon bibliyotèk (tankou odinaté, biwo, elatriye).

Donnez les autres matéreux! - Francais Si vous avez des matériaux à offrir (surtout si vous êtes en Haïti), contactez-nous ! Nous cherchons des matériaux de construction et des choses dont une bibliothèque aura besoin (comme des ordinateurs, bureaux, etc).


Progress Page

See our most recent weekly totals - English

Swiv pwogrè aktyèl nou - Kreyòl

Suivre les dernières chiffres - Francais


See our individual donor - English

Gade donatè endividyèl yo - Kreyol

Voire nos donateurs individuels - Francais


See our in-kind and artistic donations - English

Gade donatè enstitisyonèl, atistikk ak an nati yo - Kreyol

Voire nos donateurs artistiques et en nature - Francais


Track our expenditures - English

Swiv depans nou - kreyol

Suivre notre dépenses - Francais


Expenditures - English Konbit Bibliyotek is committed to being as transparent with its expenditures as it is with its fundraising. This page will have monthly reports of all receipts.

Depans - Kreyol Konbit Bibliyotek angaje'l pou mete menm nivo transparans ak depans menmjan ak kanpay leve lajan an. Chak mwa, n'ap poste rapo ak tout fich sou paj sa.

Depenses - Francais Konbit Bibliyotek s'engage à être aussi transparent avec ses dépenses qu'avec ses levées de fonds. Cette page a des rapports mensuels de tous les reçus.


Our most recent totals - English As of week 141 Konbit Bibliyotèk Site Solèy has mobilized 6,239people to contribute 20,165,347.6 gourdes (which is approximately $216,800 USD) and 21,807 books

Pwogrè aktyèl - Kreyol Pou semen 141, Konbit Bibliyotèk Site Solèy te mobilize 6,239 moun ki te bay 20,165,347.60 goud epi te ramase 21,807 liv.

Progrès actuel - Francais Pour la semaine 141, Konbit Bibliyotèk Site Solèy a mobilisé 6 239 personnes qui ont contibué à un totale de 20 165 347,60 gourdes (qui sont approximativement $216,800 dollars americains) et un effectif de 21 807 livres


In-kind & artistic donations - English There are also institutions who have contributed in-kind donations that are difficult to picture.

There are many artists who have contributed their talents to spread the word about our initiative:

Donatè enstitisyonèl, otistik ak an nati yo: Kreyòl Gen enstitisyon ki kontribye nan bay don an anti ki ap difisil pou ou ta wè la :

Gen atis te kontribye avèk talan yo nan fè pwopaje pawòl inisyativ sa :

Les donateurs institutionnels artistiques et en nature - Francais Il y aussi des institutions qui ont contribué à travers des dons en nature qui sont difficiles pour être imaginés ici :

Il y a aussi des artistes qui ont contribué avec leur à propager les paroles de l’initiative:


Principles - Page

English version The #KonbitBibliyotek project is special in many ways because it adheres to a unique set of principles.

Vèsyon Kreyòl Pwojè #KonbitBibliyotèk la espesyal nan plizyè fason paske li atache li ak yon ansanm prensip san parèy :

Version Francais Le projet de #KonbitBibliyotèk est spécial à plusieurs niveaux parce il s’adhère un ensemble de principes uniques :


English version Transparency: all donations, whether financial, books, or in-kind, must be done publicly. This means that a photograph of the person or institution giving the donation should be taken and posted on social media so that everyone knows where the donations are coming up. No anonymous donations will be accepted. Funds are counted in public every week at the construction site, and a weekly summary of all donations is posted to Facebook. Now that Phase 1 of construction has begun, we are also posting a weekly summary of all expenditures with photos of receipts and contracts on this page. We are trying to set a new standard of transparency for development projects in Haiti.

Vèsyon Kreyòl TRANSPARANS : tout don yo, ke li se lajan, liv oubyen an nati, dwe fèt an piblik, Sa ta vle di nou ap pran yon foto moun oubyen enstitisyon ki fè don an epi pibliye li sou rezo sosyal yo, yon fason pou tout moun ka konnen kote don yo sòti (gade egzanp rapò ki adwat la). Nou pap aksepte okenn don ki a gen non moun nan avè li. Chak semenn nan Radyo Boukman nou konte lajan yo an piblik, epi gen yon rapò sou tout don yo ki pibliye sou Facebook [konekte ou sou paj Facebook KBSS la]. Kòm kounya Faz 1 travay konstriksyon yo koumanse, nou pibliye yon rapò chak semenn sou tout depans yo ak foto resi yo epi kontra yo sou blòg sa [mete lyen lis depans yo]. Nou ap eseye tabli yon nouvo estanda transparans pou pwojè devlopman Ayiti yo.

Version Francais TRANSPARENCE : tous les dons, qu’il soit financier, livre ou en nature, doivent être effectués publiquement. Cela revient à dire que une photo de la personne ou de l’institution doit être prise et envoyée sur les médias sociaux afin que tout le monde sachent d’où viennent les dons (voir exemple du rapport à droite). Aucun don anonyme ne sera accepté. Les fonds sont comptés en public à radio Boukman chaque semaine, et un rapport hebdomadaire de tous les dons est publié sur Facebook [connectez-vous à la page Facebook de KBSS]. Etant donné que la phase 1 des travaux de constructions a commencé maintenant, nous publions aussi un rapport hebdomadaire de toutes les dépenses avec photo des reçus et contrats à ce blog [insérer le lien de la liste des dépenses]. Nous essayons d’établir un nouveau standard de transparence pour les projets de développement en Haïti


English version Konbit: this initiative is carried out in the spirit of Konbit, with everyone contributing whatever they can, with participation being more important than the actual nature or size of the contribution. We value a child’s 5 gourde donation as much as a business’ 50,000 gourde donation; we value a student’s book as much as an organization’s contribution of 100 books, we value an artist contributing their voice to a song as much as a radio station contributing some of their airwaves to help spread the message. A volunteer once drove all the way from Port au Prince to Les Cayes (an eight-hour round trip) just to pick up a single gourde that a little boy wanted to contribute.

Vèsyon Kreyòl KONBIT: Inisyativ sila fèt nan lespri konbit, ak kontribisyon tout moun nan sa yo kapab, pandan nan lespri nou nou konnen patisipasyon an pi enpòtan pase kalte ak lajè kontribisyon an li menm. Nou bay yon timoun ki ofri 5 goud menm valè ak yon bisniz ki ofri 50,000 goud ; nou bay yon etidyan ki fè kado yon liv menm valè ak yon òganizasyon ki ofri 100 liv ; nou bay yon atis ki kontribye ak vwa li nan yon chante menm valè ak yon estasyon radyo ki ofri ond li pou fè pwopaje mesaj la. Gen yon lè, gen youn nan volontè yo ki soti depi Pòtoprens jouk rive Okay (ki se yon trajè ki pran uitèd tan pou ale pou tounen) pou li te ka ale pran yon goud lesko nan men yon jenn ti gason te vle fè kado li.

Version Francais KONBIT: Cette initiative est exécutée dans l’esprit de Konbit, avec tout le monde contribuant avec tout ce dont qu’ils peuvent, avec l’esprit que la participation est plus importante que la nature actuelle ou la dimension de la contribution elle-même. Nous valorisons un enfant avec un don de 5 gourdes autant qu’un don commercial de 50,000 gourdes; nous valorisons un étudiant avec le don d’un livre autant qu’une organisation avec un don de 100 livres, nous valorisons un artiste contribuant avec sa voix à travers une chanson autant qu’une station de radio contribuant de ses ondes pour propager le message. Une fois, un volontaire a parcouru le long chemin de Port-au-Prince à les Cayes (un voyage de huit heures de temps aller-retour) pour collecter juste une gourde qu’un petit garçon voulait contribuer.


Vision - Page

English version The vision of this project is not only to build a library in Cite Soleil, but to build a first-class, modern library and community service center. Some people have balked at the plans, saying it seems too nice and too expensive. The co-initiators of Konbit Bibliyotèk Site Solèy are trying to shake this conception and ask: why don’t the young people of Cite Soleil deserve first-class facilities? After decades of people in Cite Soleil being treated like second-class citizens, this project aims to raise the standards of what people in Cite Soleil can expect and what they feel they deserve. The project may take time to complete, but we will not compromise our view of what our young people deserve. The library and community center, upon its completion, will have the following spaces and services:

Vèsyon Kreyol Vizyon pwojè sa se pa sèlman konstwi yon bibliyotèk nan Site Solèy, men se konstwi yon bibliyotèk premye klas, ki modèn epi ak yon sant ki ap bay sèvis kominotè. Gen kèk moun ki ezite sou plan pwojè sa e menm di bagay sa parèt twò bèl, l’ap koute twòp lajan. Men sila yo ki pran inisyativ Konbit Bibliyotèk Site Solèy la eseye reveye konsepsyon yo epi pou mande tèt yo : « Pouki sa jenn nan site Solèy yo pa ta merite yon amenajman espas de premye klas tou ?». Aprè plis pase dizan yo konn ap trete moun Site Solèy tankou sitwayen nan dezyèm klas, pwojè sa vini pou leve eskanp sa pou di moun Site Solèy kapab espere epi kwè vrèman nan sa yo merite. Pwojè sa li ka pran tan pou li akonpli, men nou pa pral boukante opinyon nou sou bagay jenn sila yo merite vrèman. Lè bibliyotèk la ak sant kominotè a fin fèt, yo ap gen espas ak sèvis sa yo n’ap site la:

Version Francais La vision de ce projet n’est pas seulement de construire une bibliothèque à Cité Soleil, mais construire une bibliothèque de première classe, moderne et un centre de service communautaire. Certaines personnes hésitent des plans et disent que cela parait trop beau et trop coûteux. Les Co-initiateurs de Konbit Bibliyotèk Site Solèy essaient de réveiller leur conception pour de demander : ”pourquoi est-ce que les jeunes de Cité Soleil ne méritent-ils pas un aménagement de première de classe » ? Après une décennie que les gens de Cité Soleil ont été traités comme des citoyens de deuxième classe, ce projet a pour objectif de lever le standard de ce que les gens de Cité Soleil peuvent espérer et ce qu’ils croient vraiment mériter. Ce projet peut prendre du temps pour son accomplissement mais on ne va pas compromettre notre opinion de ce que nos jeunes méritent. La bibliothèque et le centre communautaire, après son achèvement, auront les espaces et services suivants :


Why a library - Page

English version One of the most pressing priorities of the community is education. Cite Soleil is a young commune; there are tens of thousands of school-aged children who have to overcome enormous obstacles in order to get an education. Within Cite Soleil, their families struggle to afford school fees, and outbreaks of violence can keep them and their teachers from physically accessing the school. If a child can afford to go to school outside of Cite Soleil, they are followed by the enormous stigma that being from Cite Soleil entails.

If Cite Soleil is going to break its cycle of violence and social marginalization, it has to invest in creating safe spaces for young people to learn, not only from books but from older youth about what it means to be a responsible citizen. There are dozens of initiatives across Cite Soleil to aim to create those spaces and provide those services, but it is not enough. Without more investment in the education of Cite Soleil’s children, Cite Soleil’s future is bleak. But because the community puts such a priority on education, small investments can go a long way in building the foundation for a better, brighter tomorrow in Cite Soleil. A library in Cite Soleil has both practical and symbolic value. It not only provides a physical space to encourage learning, research, and growth; it is also a statement that Haiti believes in the future of the youth of Cite Soleil, and is willing to invest in them.

Vèsyon Kreyol Youn nan priyorite ki pi presan kominote sa yo genyen se ledikasyon. Site Solèy se yon jenn komin ; genyen pase yon dizèn milye timoun ki gen laj pou ale lekòl ki dwe fè fas ak gwo pwoblèm pou yo ka bay tèt yo moso ledikasyon sa. Anndan Site Solèy, paran timoun sa yo ap batay anpil pou peye kòb lekòl pou yo, men lè gwo sèn vyolans deklanche anndan, sa fè ni timoun yo ni pwofesè yo paka mete pye yo nan lekòl yo. Si yon timoun rive ale nan yon lekòl ki deyò Site Solèy, gen gwo estigmatizasyon ki ap swiv yo tou senpleman paske yo soti nan Site Solèy. Si Site solèy vle kraze sik vyolans sa yo ak tout istwa mete yo sou kote nan sosyete a, li dwe envesti li nan kreye espas ki sen pou jenn yo k’ap aprann pa selman nan li liv, men tou anba bouch lòt jenn ki pi gran pase yo, pou yo ka konnen kisa sa vle di epi egzije pou yo vin yon sitwayen responsab. Genyen plis pase yon douzèn inisyativ nan tout Site Solèy ki gen pou objektif kreye espas sa yo epi bay sèvis sa yo, men sa pa t’ap ase. Si pa gen plis envestisman nan ledikasyon pou timoun yo nan Site Solèy, lavni Site Solèy pap ka briye. Men paske kominote a telman fè lediksasyon vin tounen priyorite li, ti envestisman yo kapab ale ansanm ak etablisman yon fondasyon ki pral bay yon demen miyò epi briye nan Site Solèy.
Yon bibilyotèk nan Site Solèy gen de valè, yon valè pratik epi youn senbolik. Li pa sèlman bay yon espas pou ankouraje aprantisaj, rechèch ak kwasans moun; men li se yon deklarasyon ki di Ayiti kwè nan lavni jenès Site Solèy la epi vle envesti nan yo.

Version Francais L’une des priorités la plus pressante de la communauté est l’éducation. Cité Soleil est une jeune commune ; il y a des dizaines de milliers d’enfants en âge de scolarité qui doivent surmonter beaucoup d’obstacles pour s’offrir une éducation. Au sein de Cité Soleil, leurs parents luttent pour pouvoir payer les frais scolaires, et les déclenchements des scènes de violence les empêchent, ainsi que leurs professeurs, d’accéder physiquement aux établissements scolaires. Si un enfant peut se permettre d’aller dans d’autres écoles en dehors de Cité Soleil, ils sont suivis d’énormes stigmatisations qu’entraine le simple fait d’être de Cité Soleil. Si Cité Soleil va briser ses cycles de violence et les marginalisations sociales, elle doit s’investir dans la création d’espaces sains pour que les jeunes apprennent, pas seulement des livres mais aussi des jeunes ainés ce que cela implique et veut dire d’être un citoyen responsable. Il y a une douzaine d’initiatives à travers Cité Soleil qui ont pour objectifs de créer ces espaces et fournir ces services, mais c’est loin d’être suffisant. Sans plus d’investissement dans l’éducation des enfants de Cité Soleil, l’avenir de Cité Soleil sera sombre. Mais le fait que la communauté met une telle priorité sur l’éducation, les petits investissements peuvent aller de concert avec l’établissement de la fondation d’un demain meilleur et lus brillant à Cité Soleil. Une bibliothèque à Cité Soleil a un double valeur, pratique et symbolique. Elle ne procure pas seulement un espace pour encourager l’apprentissage, la recherche et la croissance ; elle est aussi une déclaration qu’Haïti croit dans le futur de la jeunesse de Cité Soleil et veut investir dans ces jeunes.


Where did this idea come from

English version This is a grassroots campaign with a small army of volunteers; however, driving this initiative are the 11 co-founders, who are young volunteers from across Cite Soleil:

Vèsyon kreyòl Se yon ti gwoup lame ki plen volontè ladann ki ap mennen kanpay de baz sa; men se yon gwoup de 13 fondatè ki genyen jenn volontè ki soti nan tout zòn nan Site Solèy ki ap jere direksyon pwojè sa.Soleil:

Version Francais C’est une campagne de base menée avec une petite armée de volontaires ; cependant la direction de cette initiative est sous la direction de 11 co-fondateurs qui sont aussi des jeunes volontaires issus de différentes zones de Cité Soleil.


English version In early 2017, a group of young artists and intellectuals called FACHAITI in Cite Soleil decided that it was important to build a library in Cite Soleil. Over the past decade, there had been a lot of investment in youth spaces, but these spaces were mostly for sports, and they wanted to have a space for young scholars to get together, research, read, write, and discuss books. They identified a small concrete block house in Wharf Cite Soleil that could cost a few thousand dollars to buy, which they could transform into a very small community library. FACHAITI brought the idea to Konbit Soley Leve, who advised them that instead of writing a proposal to a donor, they should first look for support in their own community. They should give ordinary people in Cite Soleil the opportunity to participate in making this dream a reality, that they should be the first donors. So Konbit Soley Leve and the youth group began to go door to door with a cardboard box, asking for contributions. For the sake of transparency, each time someone contributes, the donor would take a selfie and post it on Facebook with the hashtag #KonbitBibliyotek. The funds were counted every Sunday at the local radio station, where everyone was welcome to observe. At the end of the weekly count, a progress statement would be circulated on social media. The campaign went viral. People across Cite Soleil began to donate, then across Port au Prince, then Haiti, then the world. Schoolchildren gave up their lunch money, strangers who overheard about the project on public transport asked to contribute, people abroad wired through Western Union. Since then, the idea has grown in scale. So many people from across Cite Soleil contributed that they were no longer happy with the small one-room concrete house in Wharf Soleil – they wanted a big, modern building that was accessible to everyone. And so the community and the local authorities chose the perfect place: Place Fierte, the large public park in the heart of Cite Soleil.

Vèsyon kreyòl Nan koumansman lane 2017 la, yon gwoup atis ak entelektyèl ki rele FACHAITI nan Site Solèy, deside li te enpòtan pou yo ta konstwi yon bibliyotèk nan Site Solèy. Pandan plis pase yon dizèn lane, te gen anpil envestisman ki te fèt nan konstriksyon espas pou jenn, men espas sa yo se te plis pou espò ; men jenn nan FACHAITI yo te vle genyen espas kote jenn ekolye yo kapa reyini, fè rechèch, fè lekti, ekri epi diskite sou konesans liv. Yo te idantifye yon ti kay an beton nan zòn Waf Site Solèy la, kote yo te bezwen kèk dizèn dola ameriken pou achte li aprè sa pou fè l tounen yon bibliyotèk kominotè. Jenn FACHAITI yo te pataje lide sa ak Konbit Solèy Leve ki te konseye yo tan pou yo ta ekri yon pwojè bay yon bayè de fon, pito yo ta koumanse chache sipò nan kominote yo a avan. Yo ta dwe bay lòt moun òdinè ki nan Site Solèy chans pou yo ta premye moun ki ap finanse gwo rèv sa epi patisipe nan reyalizasyon li. Konsa Konbit Solèy Leve ak jenn nan gwoup sa te koumanse mache kay an kay ak yon afich pou mande kontribisyon moun yo. Nan sousi pou tout bagay parèt klè kon dlo kòk, moun ki bay kòb yo dwe fè yon foto epi dakò pou li pibliye sou facebook avèk etikèt ki afiche #KonbitBibliyotèk. Nou konte lajan nou ramase yo chak dimanch nan lokal Radyo Boukman kote nou toujou kontan wè tout moun ki ta renmen vin obsève pwosesi sa. Chak nou fin fè kontaj semenn nan, nou pibliye yon rapò sou pwogrè yo sou rezo sosyal yo. Kanpay la pran tout kote pou li. Moun nan Site Solèy koumanse fè don pa yo, aprè sa moun Pòtoprens antre na jwèt la, tout Ayiti pran, e pou fini tout mond lan angaje yo ladan l. Elèv lekòl yo bay kòb manje yo pandan lekòl yo, enkoni ki tande pale de pwojè a nan transpò piblik mande pou yo kotribye tou, sila yo ki aletranje ap voye lajan pa Western Union pou sipòte. Depi lè sa, lide a vin pran yon lòt echèl. Moun Site Solèy telman kontribye jiska se ke yo pa rive kontante yo ak yon senp lide yon ti chanm kay an beton sou waf Solèy la ankò, kounya yo vle pito yon pi gwo kay modèn ki k’ap aksesib a tout moun. Konsa kominote a ak otorite lokal yo te chwazi pi bon pozisyon an ki se : Plas Fyète a, pi gran plas piblik ki genyen nan

Version Francais Au début de l’année 2017, un groupe d’artistes et d’intellectuels appelé FACHAITI à Cité Soleil a décidé que c’était important de construire une bibliothèque à Cité Soleil. Pendant environ une décennie, il y a eu beaucoup d’investissement dans la construction d’espaces pour les jeunes, mais ces espaces étaient plus pour le sport, et ces jeunes de FACHAITI voulaient avoir un espace pour que des jeunes écoliers se réunissent, effectuent des recherches, lisent, écrivent et discutent des livres. Ils ont identifié une maisonnette en béton dans la zone de Wharf à Cité Soleil nécessitant juste quelques milliers de dollars pour son acquisition, qu’ils transformeraient en une petite bibliothèque communautaire. Les jeunes de FACHAITI ont apporté cette idée à l’attention de Konbit Solèy Leve, qui leur a conseillé qu’au lieu d’écrire un projet à un bailleur de fonds qu’ils devraient commencer par chercher de support dans leur propre communauté d’abord. Ils devraient donner la chance aux gens ordinaires de Cité Soleil d’être les premiers donateurs et de pouvoir participer dans la concrétisation de ce rêve. Ainsi Konbit Solèy Leve et les jeunes du groupe ont commencé par faire du porte-à-porte avec une petite affiche sollicitant des contributions. Par égard pour la transparence, pour chaque contribution, le donateur est pris en photo et la publie sur Facebook avec le hashtag #KonbitBibliyotèk. Le comptage des fonds se fait chaque dimanche au local de Radio Boukman, là où tout le monde est la bienvenue pour y observer. A la fin du comptage hebdomadaire, un état de progrès serait publié et circulé sur les réseaux sociaux.

La campagne devient virale. Les gens à travers tout Cité Soleil ont commencé par faire des dons, ensuite Port-au-Prince emboite le pas, puis le tour d’Haïti et finalement le monde s’engage. Les écoliers donnent leur argent de diner, les inconnus qui entendent parler du projet dans les transports en commun demandent à contribuer, ceux de l’étranger envoient de l’argent par western Union.

Et depuis, l’idée a pris de l’échelle. Tant de gens à travers Cité Soleil ont tellement contribué qu’ils ne se contentaient plus à l’idée d’une simple petite salle en béton à Wharf Soleil, maintenant ils veulent un grand édifice moderne accessible à tout le monde. Ainsi la communauté et les autorités locales ont choisi la meilleure des positions : la Place Fierté, le grand parc public au cœur de Cité Soleil.


Cite Soleil - Page

English version Cite Soleil is a municipality that lies on the northwestern edge of Port au Prince, Haiti’s capital city. It is known as Haiti’s largest ghetto. Cite Soleil has experienced a vicious cycle of political and gang violence, which leads to economic and social marginalization, which in turn creates the conditions for more violence. The stigma associated with Cite Soleil is significant, which not only reinforces the social isolation of the community, but has been internalized by many of its young people who see that society only expects them to grow up to be criminals. However, the vast majority of people living in Cite Soleil are ordinary people trying to make an honest life for themselves and their families. Cite Soleil is full of young people with talent, potential, and dreams of a better future. Over the past six years, a social movement named Konbit Soley Leve has dedicated itself to identifying, strengthening, and highlighting all that is positive about Cite Soleil, and working to change the image that the world as of this community. In the past year and a half, there has actually been a truce between the major gangs of Cite Soleil, leading to an unprecedented period of peace that the community would like to build on.

Vèsyon Kreyol Site Solèy se yon komin ki twouve li nan kot Nòdwès vil Pòtoprens, ki se kapital Ayiti. Yo konnen li kòm bidonvil ki pi laj an Ayiti. Site Solèy te pase yon move moman ki pat janm fini ak vyolans politik ak vyolans kout zam gang te konn ap tire. Sa ki te fè gen moun ki t’ap mete li sou kote nan sosyete a, ni nan zafè ekonomik tou. Tout sa yo te bay yon lòt fòm vyolans ki ta pral vin pi rèd toujou. Estigmatizasyon sa yo te mete sou do Site Solèy la te vle di yon pakèt bagay, li pat sèlman ranfòse koze mete nou byen lwen nan sosyete a, men tou li antre anndan tèt anpil lòt jenn ki ta pral vin konprann sosyete sa pat espere anyen de yo selman moun ki ta pral grandi pou vin tounen kriminèl nan vi yo. Tandiske pi fò moun ki ap viv nan Site Solèy se yon bann moun òdinè ki ap eseye mennen yon vi onèt pou yo menm ak fanmi yo. Site Solèy plen ak jenn ki gen yon pakèt talan ak potansyèl epi ki gen rèv pou yon demen miyò. Pandan sis dènye lane ki sot pase yo, gen yon mouvman sosyal ki rele Konbit Solèy Leve ki bay tèt li pou misyon chache idantifye, ranfòse et pase gwo trè anba tout sa ki pozitif nan Site Solèy, epi li ap travay pou chanje imaj mond lan genyen sou kominote sa. Sa fè plis pase yon lane edmi depi tout gwo tonton gwoup ame yo deside depoze zam nan Site Solèy kounya. Sa ki fè genyen yon peryòd lapè san parèy ki pat janm egziste avan sa e se sou li kominote a vle konstwi tèt li.

Version Francais Cité Soleil est une municipalité qui se situe vers la cote Nord-Ouest de Port-au-Prince, la capitale d’Haïti. Elle est aussi connue comme le plus large bidonville d’Haïti. Cité Soleil a connu un cycle vicieux de violence politique et de gangs armés qui a conduit cette communauté à des marginalisations socioéconomique, qui à leur tour, ont causé une condition génératrice de plus de violence. Cette stigmatisation associée à Cité Soleil est si significative qu’elle ne fait pas que renforcer les isolements sociaux de la communauté mais a été intériorisée par beaucoup de ses jeunes qui se rendent compte que cette société n’espère rien d’eux que de grandir pour devenir des criminels. Cependant, la majorité des gens vivant à Cité Soleil sont des gens ordinaires qui essaient d’avoir une vie honnête pour eux et pour leur famille. Cité Soleil est remplie de jeune bourrés de talents, de potentiels, et de rêves d’un avenir meilleur. Au cours des six dernières années, un mouvement social appelé Konbit Solèy Leve s’est dédié à l’identification, le renforcement et le soulignement de tout ce qui est positif à Cité Soleil, et il travaille pour changer l’image que le monde a de cette communauté. Cela fait déjà une année et demie depuis qu’une trêve s’est actuellement établie entre les principaux gangs de Cité Soleil, ce qui a conduit à une période de paix sans précédent sur laquelle cette communauté aimerait se construire.